Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n asepte yon lespri ak yon mesay ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bòn nouvèl mwen te ban nou an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.

参见章节 复制




2 Korent 11:4
12 交叉引用  

Epi Jezi di yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou swiv koutim ki fè nou plezi yo?


Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”


Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba, Papa.”


Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon.


Mwen swete nou ka sipòte pou m manifeste yon ti kras foli. Men wi, fè yon ti sipòte m non!


Lè m rive Twoas pou m preche Bòn Nouvèl Kris la, Bondye te ban m yon bon opòtinite, se vre,


Men sa m ta byen renmen nou di m: Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te fè sa lalwa mande? Non, nou te resevwa Sentespri a lè nou te tande mesaj la epi nou te kwè l.


Menm jan m te di w deja lè m t ap pati al Masedwàn nan, se pou ou rete nan Efèz. Gen kèk moun nan vil la k ap anseye doktrin ki pa vre, se pou w egzije yo sispann fè sa.


Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun.


跟着我们:

广告


广告