Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:31 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Bondye konnen m p ap bay manti. Se li menm ki Bondye ak Papa Senyè Jezi, se li menm ki merite tout glwa tout tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Bondye ki Papa Senyè Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti.

参见章节 复制




2 Korent 11:31
22 交叉引用  

Mwen menm ak Papa a nou se youn.”


Jezi di l: “Pa kenbe m! Paske m poko monte ale jwenn Papa m. Sa w gen pou fè, ale jwenn disip mwen yo, di yo mwen monte al jwenn Papa m, ki Papa nou tou, mwen ale jwenn Bondye m, ki Bondye pa nou tou.”


Yo vann verite a sou Bondye nan bay manti. Yo adore epi yo sèvi bagay Bondye kreye, olye yo adore Kreyatè a, Bondye beni an ki merite adorasyon pou tout tan. Amèn.


M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a.


Lè sa a, nou tout ap ansanm. Epi tout moun ansanm, n ap bay Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an laglwa.


Mwen se moun Jezikris, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a:


Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.


Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou.


Mwen beni non Bondye, Papa Senyè nou Jezikris! Li se yon papa ki plen konpasyon ak konsolasyon.


Pouki sa m pa mete yon fado sou nou? Èske se renmen mwen pa renmen nou? Bondye konnen ki valè renmen mwen renmen nou!


Devan Bondye, tout sa m ap di nou la a nan lèt sa a se verite a.


Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la.


Se pou rezon sa a, m ap priye Bondye Papa a.


Nou toujou di Bondye mèsi pou nou nan priyè nou. Se li menm ki Papa Jezikris, Senyè nou an.


Se vre wi, Bondye ka sèvi nou temwen. Nou pa t janm eseye sèvi bèl pawòl pou flate moun, oswa twonpe epi pou n fè lajan sou moun.


Ansèyman sa a fè pati Bòn Nouvèl Bondye ki gen anpil benediksyon an te konfye m pou m anonse a. Bòn Nouvèl sa a fè laglwa Bondye parèt aklè.


Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!


Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.


Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a.


跟着我们:

广告


广告