Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (Map pale kounyeya tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò.

参见章节 复制




2 Korent 11:23
43 交叉引用  

Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri.


Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la.


Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se kon sa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”.


Yo te pase anpil jou la avèk Festis. Pandan yo te la, Festis mete yo okouran de dosye Pòl la. Li di yo: “Gen yon nonm Feliks te kite nan prizon an lè l t ap kite pòs la.


Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen.


Lè nou rive lavil Wòm, yo te bay Pòl pèmisyon pou l te viv pou kont li. Men te gen yon sòlda ki te dwe rete avè l pou siveye l.


Pòl te rete pase de zan plen nan yon kay li te lwe limenm. Se la li te resevwa tout moun ki te vin rann li vizit.


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Jan Bib la di l, “Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan. Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.”


Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.)


Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè.


Konsidere nou menm lidè yo tankou moun ki la pou sèvi Kris la, moun ki responsab pou fè konnen verite Bondye a bay moun ki pa ko konnen.


Jouk jodi a, nou pa gen ase pou n manje oswa bwè. Nou pa gen ase rad pou n mete. Yo maltrete nou. Nou pa ka rete yon sèl kote.


Men gen lè Bondye mete mwen menm avèk lòt apot an dènye. Nou tankou prizonye yo kondane amò y ap fè fè parad non sèlman devan lèzòm men devan anj yo tou.


Gade prèv ki devan w yo! Si yon moun gen konviksyon li se moun Kris la, lè l byen reflechi, l ap wè nou menm tou, nou se moun Kris la.


Poutan, mwen pa kwè okenn espès gran apot nou yo gen valè pase m.


Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.


Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri.


Yo trete nou kòm enkoni, poutan yo byen konnen nou. Yo trete nou tankou moun ki prèske mouri poutan nou byen vivan. Yo pini nou men yo pa touye nou.


Pou fin i, mwen mande pou pèsonn pa banm plis tèt chaje ankò. Paske mwen pote mak nan kò m, mak ki montre mwen soufri pou Jezikris.


Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif.


Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye.


Se responsabilite m pou m anonse Levanjil la. Se travay sa a menm m ap fè malgre m nan prizon an. Priye pou mwen pou m ka pale san krent, jan sa dwe fèt.


Sa fè tout moun isit la, ak sòlda women k ap pwoteje Seza yo, konnen se poutèt Jezikris mwen nan prizon.


Menmsi m ta dwe bay lavi m sou yon lotèl, menmsi m ta dwe ofri sakrifis sèvis lafwa mwen mande bay Bondye, m ap kontan, kontan ak nou tout.


Mwen kontan pou m soufri pou nou. Gen anpil soufrans Kris dwe kontinye sipòte, m ap sipòte yo nan kò pa m pou Legliz la, ki se kò Kris la.


Pou m ka rive fè sa, m travay di, epi m sèvi ak fòs Jezikris ban mwen an. E se fòs sa a k ap travay nan mwen.


Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa.


Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.


M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an.


Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.


Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon.


Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo.


men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la.


Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.


跟着我们:

广告


广告