Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:22 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Eske yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Israyèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Èske se Ebre yo ye? Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? Mwen menm tou.

参见章节 复制




2 Korent 11:22
17 交叉引用  

Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram.


“Mwen se yon Jwif, ki te fèt nan lavil Tas, nan peyi Silisi. Men se isit la menm, nan vil sa a mwen grandi. Se elèv Gamalyèl mwen te ye. Se li menm ki te anseye m tout bagay konsènan lalwa zansèt nou yo. M te toujou gen anpil zèl pou sèvi Bondye, menm jan sa ye pou nou menm jodi a.


Kantite kwayan yo te kontinye ap ogmante chak jou pi plis. Nan menm tan sa tou, Jwif ki te fèt nan lòt peyi epi ki te pale grèk yo te tonbe plenyen kont Jwif ki te fèt nan Izrayèl epi ki te pale ebre yo. Yo t ap plenyen dèske vèv pa yo pa t jwenn anyen nan manje ki t ap separe chak jou a.


“Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen.


Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo.


Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris.


Se sou 8 jou, apre m fin fèt, mwen te sikonsi. Mwen soti nan ras Izrayèl. Mwen soti nan tribi Benjamen. Mwen se yon bon Jwif, ata paran m se Jwif. Kanta pou Lalwa menm, mwen se yon Farizyen.


跟着我们:

广告


广告