Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Mwen jalou pou nou. Jalouzi sa a soti nan Bondye. Mwen te pwomèt pou m remèt nou bay Kris kòm sèl mari nou. Epi m ta renmen remèt nou bay mari nou vyèj.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 M'ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.

参见章节 复制




2 Korent 11:2
19 交叉引用  

Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan kon sa a.


Frè m ak sè m yo, se menm bagay pou nou tou. Nou se moun mouri, pou sa ki konsène Lalwa, pa mwayen kò Kris la, pou n ka tounen yon lòt moun. An reyalite, kounye a, nou se moun Jezikris ki te resisite a, se sa k fè nou ka dekouvri sa ki fè Bondye plezi.


Menmsi nou ta gen dimil pwofesè nan Kris, se yon sèl papa nou genyen. Mwen tounen papa pou nou, lè m te pote Levanjil la ba nou.


Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li.


Sa chaje tèt mwen anpil. Mwen krenn pou travay mwen nan mitan nou pa tounen yon travay ki fèt pou granmesi.


Se sèl Bondye ki konnen kijan m anvi wè nou. Mwen renmen nou tout ak lanmou Jezikris la.


Se sa ki fè n ap kontinye preche tout moun Levanjil Kris la. Nou sèvi ak anpil sajès pou nou avèti epi ansenye tout moun. Nou fè sa pou n kapab prezante chak moun bay Bondye tankou moun ki solid nan lavi y ap mennen pou Bondye nan Kris la.


Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt.


Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an.


跟着我们:

广告


广告