Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 11:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 M ap di nou sa ankò: mwen pa vle pèsòn panse m fou. Men si se sa nou panse, enben aksepte m tankou moun fou. Konsa mwen ka vante tèt mwen yon ti kras.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 M'ap repete sa m te di a: Piga pèsonn pran m pou moun fou. Men, si nou pran m pou moun fou, kite m pran pòz moun fou m vre pou m kapab vante tèt mwen yon ti kras tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti.

参见章节 复制




2 Korent 11:16
7 交叉引用  

Mwen swete nou ka sipòte pou m manifeste yon ti kras foli. Men wi, fè yon ti sipòte m non!


Nou se moun saj, poutan nou sipòte moun ki gen foli yo tèlman byen!


Fò m kontinye vante tèt mwen, menmsi m pa wè sa l ap itil. Kanmenm mwen vle pale sou vizyon yo ak revelasyon yo ki soti nan Senyè a.


Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non.


Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.


Si moun wè nou tankou moun fou se pou Bondye nou fou. Si tèt nou dwat se pou ou menm.


跟着我们:

广告


广告