Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 10:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 n ap detwi tout vye panse ògeye ki opoze ak konesans Bondye. N ap mete tout panse anba kòd pou fè yo obeyi Kris la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la.

参见章节 复制




2 Korent 10:5
48 交叉引用  

Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay.


Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li. Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont.


Paske, menm lè yo te konnen Bondye, yo pa t ni adore l jan yo te dwe adore l ni di l mèsi kòm sa dwa. Okontrè, panse yo te vin menm jan ak panse moun fou epi lespri yo te egare nèt plonje nan fènwa.


Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikris. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris.


Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye.


Men m jwenn yon lòt lwa k ap travay nan mwen. L ap goumen ak Lalwa lespri mwen byen renmen an. Lwa sa a k ap travay nan mwen an, se lwa peche a ki fè m tounen prizonye li.


Paske, men sa ki ekri nan Bib la, “M ap detwi sajès moun saj yo epi m ap jete konfizyon nan entèlijans moun entèlijan yo.”


Mwen di sa paske sajès mond sa a se foli nan je Bondye. Sa Bib la deklare a klè: “Li pran moun saj yo nan pwòp pyèj yo.”


Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou.


Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la.


Lè sa a, lapè Bondye ki depase tout sa yon moun kapab konprann va kenbe kè nou ak panse nou nan Jezikris.


Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.


Lè Malfèktè a va parèt aklè, Jezi ap touye l ak souf bouch li sèlman. Se jan Segnè a ap vini nan laglwa li menm k ap touye malveyan sa a.


Pawòl Bondye vivan epi li fè efè sou moun. Li pi file pase yon kouto debò. Li rive lwen jouk rive kote nanm ak lespri mare ansanm, kote zo ak mwèl fè youn. Li jije panse ak dezi ki nan fon kè lèzòm.


Sa fè l tounen yon granprèt ki san defo. Li fè pwovizyon pou tout moun ki obeyi l jwenn yon delivrans ki la pou tout tan.


Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikris ki te koule a fè nou pwòp nèt. M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.


Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou.


跟着我们:

广告


广告