Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 10:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Konprann sa byen: mwen pa ka pèmèt mwen pou m mete m sou menm wotè ak moun ki kwè yo plis pase sa yo ye, ni mwen p'ap konpare tèt mwen ak yo nonplis. Se yon bann san konprann! Y'ap mezire tèt yo ak mezi yo menm yo fè. Y'ap konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann.

参见章节 复制




2 Korent 10:12
10 交叉引用  

Farizyen an kanpe apa, a yon distans de pèseptè kontribisyon an. Li t ap lapriyè konsa: Bondye, mèsi dèske mwen pa move moun tankou lòt moun yo. Mèsi dèske mwen pa ni vòlò, ni mechan, ni adiltè. Mèsi dèske mwen pi bon pase pèseptè kontribisyon sa a.


Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a


Men sa moun sa yo bezwen konnen: lè nou vini, aksyon nou yo ap gen menm pwa ak sa nou ekri nan lèt nou yo.


Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.


Èske nou dwe kòmanse ap di bèl bagay pou fè moun wè nou? Oubyen èske nou bezwen lèt rekòmandasyon menm jan ak kèk lòt moun pou nou vin lakay ou, oswa lè n ap kite lakay ou?


Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo.


跟着我们:

广告


广告