Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 1:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m: se pou m te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Men mwen rele Bondye kòm temwen nanm mwen, ke se sèl pou m fè nou gras, m pa t vin Corinthe ankò.

参见章节 复制




2 Korent 1:23
22 交叉引用  

Apre sa, Pòl kite Atèn, l ale nan vil Korent.


Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.


M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a.


Mwen se moun Jezikris, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a:


Ki sa n pito? Mache ak yon fwèt lè m ap vini oubyen vini ak dousè epi amou?


Livre nonm nan bay Satan, pou lachè a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan.


Tanpri, pa oblije m mete severite m deyò lè m vini. Mwen gen plan pou m aji ak severite ak tout moun ki panse rezon ki kontwole konduit nou sanble ak sa ki kontwole mond sa a.


Mwen di sa ak verite a Kris la nan mwen, pèsòn nan tout Lakayi pa ka anpeche m fyè sou sijè sa a.


Pouki sa m pa mete yon fado sou nou? Èske se renmen mwen pa renmen nou? Bondye konnen ki valè renmen mwen renmen nou!


Bondye konnen m p ap bay manti. Se li menm ki Bondye ak Papa Senyè Jezi, se li menm ki merite tout glwa tout tan.


Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd.


Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.


Dezyèm fwa mwen te lakay nou an, mwen te gen tan avèti moun ki te peche yo. Menm lè mwen pa prezan pami nou, mwen ta vle avèti tout moun ki nan peche depi lontan oubyen kounye a yo: lè m vini, mwen p ap menaje nou.


Nou montre nou se sèvitè Bondye vrèman nan jan nou mennen yon lavi san detou ak konpreyansyon, ak pasyans, ak jantiyès. Nou montre li ak prezans Sentespri nan lavi nou, ak yon lanmou otantik,


Devan Bondye, tout sa m ap di nou la a nan lèt sa a se verite a.


Se sèl Bondye ki konnen kijan m anvi wè nou. Mwen renmen nou tout ak lanmou Jezikris la.


Se vre wi, Bondye ka sèvi nou temwen. Nou pa t janm eseye sèvi bèl pawòl pou flate moun, oswa twonpe epi pou n fè lajan sou moun.


Pami moun sa yo, nou jwenn Imene ak Aleksann. Mwen livre yo bay Satan. Konsa, yo va aprann pou yo pa ensilte Bondye.


跟着我们:

广告


广告