Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 1:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Se Bondye li menm ki ba nou fòs nan Jezikris. Se li menm tou ki mete nou apa pou n fè travay li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Se Bondye menm ki kenbe m fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Koulye a, Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris, epi ki te onksyone nou, se Bondye.

参见章节 复制




2 Korent 1:21
28 交叉引用  

Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a.


Anplis, nou konnen kijan Bondye te mete Sentespri li ak puisans li sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi te mache nan tout peyi a, li t ap fè byen pou moun yo, li t ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan, paske Bondye te avèk li.


An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikris, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan.


Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la.


Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive.


Se Bondye li menm ki prepare tout sa pou nou. Li ban nou Sentespri a se tankou yon avalwa sou sa nou gen pou resevwa pita.


Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.


Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.


se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.


Lè Malfèktè a va parèt aklè, Jezi ap touye l ak souf bouch li sèlman. Se jan Segnè a ap vini nan laglwa li menm k ap touye malveyan sa a.


Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.


Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.


Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid.


Pou nou menm, nou te resevwa kado Sentespri a te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a.


Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.


Epi li pran nou, li fè nou vin yon wayòm, yon pil sakrifikatè pou Bondye, Papa li. Se pou li laglwa ak puisans ye pou tout tan gen tan! Amèn.


M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.


跟着我们:

广告


广告