Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 1:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Jezi se wi Bondye, paske se pa mwayen li menm tout pwomès Bondye yo akonpli. Se sa k fè se pa mwayen Jezi nou di “Amèn” ak tout sa ki bay Bondye glwa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Paske malgre fòs kantite pwomès Bondye yo kon bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm.

参见章节 复制




2 Korent 1:20
41 交叉引用  

Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


“Lwanj pou Bondye nan syèl la, epi kè poze sou latè pou tout moun ki fè Bondye plezi.”


Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.


Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.


Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikris, Senyè nou an.


Ou gen dwa ap louwe Bondye byen fon nan lespri ou, men si moun ki kote w la pa konprann sa w ap di, li p ap janm di “Amèn.”


Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa.


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris, li menm ki fidèl.


Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.


Kalite bonte sa a, Bondye manifeste l anvè nou menm ki pou Kris, se pou l ka montre aklè kantite richès gras li genyen pou tout tan gen tan.


Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye.


Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.


Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè.


Menm Jezikris ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan.


Mèlkisedèk pa gen okenn rapò ak Levi, poutan li resevwa ladim nan men Abraram. Mèlkisedèk te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès nan men Bondye.


Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a.


Men temwayaj la: Bondye te ban nou lavi etènèl, epi lavi sa se nan Pitit la li ye.


Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:


Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”


跟着我们:

广告


广告