Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 1:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pat anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawòl. Okontrè, se wi ase Jezikri di pou Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm.

参见章节 复制




2 Korent 1:19
43 交叉引用  

Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”


Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.


Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”


Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”


Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”


Lè sa a, dyab la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”


Men kòmansman Bòn Nouvèl konsènan Jezikris, Pitit Bondye a.


Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye.


Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”


Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.”


Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”


Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”


Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.


Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, kon sa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl.


Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye konsakre a.”


Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, anvan Abraram te la, mwen la.”


Apot yo, lidè yo ansanm ak tout legliz la nan Jerizalèm te jije bon pou voye kèk moun pami yo ale Antyòch avèk Pòl ak Banabas. Konsa, yo chwazi Jid, yo te konn rele Basabas, ansanm ak Silas. Frè yo nan Jerizalèm te respekte de mesye sa yo anpil.


Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès.


Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre.


Pandan yo t ap vwayaje kon sa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?”


San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!”


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Nou menm: Pòl, Silas ak Timote, n ap ekri lèt sa a pou n voye bay legliz Tesalonik ki pou Bondye Papa a ak Jezikris, Senyè a. Gras ak lapè Bondye avèk nou!


Se mwen menm Pòl, Silas, ak Timote k ap salye nou moun legliz Tesalonik yo, nou menm ki pou Bondye Papa a ak Jezikris Senyè a.


Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.


Tout bagay sa yo gen pou yo disparèt, men ou menm, ou toujou la. Yo gen pou yo vin ize tankou vye rad.


Menm Jezikris ki te la yè a, se li menm ki la jodi a, ak pou tout tan.


Mwen ekri ti lèt sa a voye ban nou, se ak konkou Silas m konsidere kòm yon frè fidèl. M fè sa pou m ankouraje nou epi montre nou vrè gras Bondye a. Rete fèm nan gras sa a.


Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.”


Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun kon sa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la.


Vwa a te di konsa: “Sa ou wè a, ekri l nan yon liv pou voye l bay sèt egliz yo: Efèz, Esmin, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi epi Lawodise.”


Lè m wè l, mwen tonbe nan pye l, menm jan ak yon moun mouri. Li poze men dwat li sou mwen epi li di: “Ou pa bezwen pè! Se mwen menm ki premye a, se mwen menm ki dènye a.


Senyè a deklare: “Mwen se Alfa ak Omega, mwen se premye, mwen se dènye. Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an, sila a ki gen tout pouvwa a.”


Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil.


跟着我们:

广告


广告