Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 1:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Mwen pran Bondye ki gen yon sèl pawòl la pou temwen, pwomès mwen te fè nou an, se pat yon wi ak yon non anmenmtan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Men jan Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm.

参见章节 复制




2 Korent 1:18
10 交叉引用  

Jezi te kontinye ap anseye kote l te ye nan tanp lan, li di byen fò: “Èske nou konnen ki moun ye ak kote mwen soti vrèman? Mwen vini isit la, men se pa ak pwòp desizyon mwen. Moun ki voye m an merite tout konfyans nou. Men nou pa konnen li.


Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”


Bondye fidèl. Se li menm ki chwazi nou pou n gen menm lavi ak lavi Pitit li a, Jezikris, Senyè nou an.


Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou.


Bondye konnen m p ap bay manti. Se li menm ki Bondye ak Papa Senyè Jezi, se li menm ki merite tout glwa tout tan.


Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.


Gen moun ki fè lwanj pou nou, gen lòt ki kouvri nou ak wont. Gen moun ki di bon bagay sou nou, gen lòt ki di move bagay. Gen moun ki trete nou de blofè, menmsi nou di verite a.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:


Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.


跟着我们:

广告


广告