Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Korent 1:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Men rezon ki fè m kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m anyen pou jan m te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pat bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.

参见章节 复制




2 Korent 1:12
40 交叉引用  

Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.”


Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.


Mwen se moun Jezikris, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a:


Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa Kris la p ap pèdi puisans li!


Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans.


Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.)


Nou pa sèvi ak mo ki soti nan sajès lèzòm pou anseye bagay sa yo. Nou pito sèvi ak mo Sentespri li menm ba nou. Nou sèvi ak mo Sentespri ba nou pou nou eksplike bagay ki soti nan Sentespri a.


Konsyans mwen klè, menmsi sa pa vle di m inosan pou sa. Se Senyè li menm k ap fè jijman an.


An nou fete fèt pak la san nou pa sèvi ak pen vye leven peche ak imoralite. Men an nou manje pen san leven, ki konpare ak yon kè ki san tach ak san malis kache.


Èske nou panse mwen te fè plan sa yo menm jan ak lemonn? Oubyen, èske nou panse mwen fè yon plan mètdam, m ap di wi epi non an menm tan?


Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la.


Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.


Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye.


Mwen p ap pase nou lòd pou nou bay. Men, mwen vle gade sèlman nan ki nivo nou gen yon lanmou ki reyèl lè m konpare l ak volonte lòt moun manifeste pou ede.


Se pou chak moun egzamine travay pa l, olye de konpare tèt li ak lòt moun. Konsa, l a wè si l gen rezon pou fè lwanj pou tèt li.


Kidonk, prepare nou. Sèvi ak verite a tankou yon sentiwon pou mare ren nou. Viv yon vi ki dwat se tankou yon plak pwotèj sòlda yo pou pwoteje lestomak nou.


pou n ka fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Epi se lè sa a, n ap san tach epi san repwòch nan jou Senyè a va retounen an.


Ou menm moun Tesalonik, ou ka temwanye lè nou te lakay ou, nou te mennen lavi nou yon fason ki sen, ki dwat, epi san repwòch. Bondye temwen sa n ap di la a.


Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.


Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w.


Kontinye priye pou nou. Nou gen yon konsyans ki klè, paske nou toujou eseye fè sa ki pi byen.


Men, gras Bondye fè nou an pi gran toujou. Paske Bib la di: “Bondye opoze ak ògeye yo, men li fè moun ki enb yo gras.”


Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.


Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò.


跟着我们:

广告


广告