2 Jan 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil9 Nenpòt moun ki pa obeyi kòmandman Kris la, ki ale pi lwen, moun kon sa pa gen kominyon ak Bondye. Moun ki rete nan ansèyman Kris la, moun sa a gen kominyon ak Papa a ansanm ak Pitit la. 参见章节1998 Haïtienne9 Si yon moun pa kenbe sa Kris la te moutre nou an, si l'al pi lwen, li pa gen Bondye. Moun ki kenbe sa Kris la te moutre a, se li menm ki gen Papa a ak Pitit la. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la. 参见章节 |
Konsa, nan sa ki konsène Jezikris, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm, poze men sou tèt moun, rezireksyon moun ki mouri, ak jijman fin al. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou.