Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Timote 6:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Konsa, se ekonomi y ap fè pou pita, yon trezò ki bèl epi solid, y ap resevwa lavi toutbon vre a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.

参见章节 复制




1 Timote 6:19
23 交叉引用  

Jezi di li: “Si ou vle bon nèt, ale vann tout sa w genyen. Bay pòv lajan an! Konsa, ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”


Vann tout sa nou genyen epi bay pòv kòb la. Si nou fè sa, n ap gen yon bous ki p ap janm gen twou. N ap gen yon trezò k ap dire pou tout tan nan syèl la, kote vòlè pa ka jwenn li, kote mit pa ka manje l.


Men Abraram reponn li: Monchè, sonje ou te gentan resevwa tout bon bagay yo lè w te sou latè; epi Laza menm te nan pwoblèm ak soufrans. Kounye a li jwenn konsolasyon bò isit la, men ou menm ou ap soufri.


Jezi di yo ankò: “Nou menm, men sa m ap di nou. Fè zanmi pou demen ak richès nou genyen sou latè. Pou lè bagay sa yo fin pase, y a resevwa nou nan yon kay k ap la pou tout tan.


Li di yo: “Te gen yon jij nan yon vil. Jij sa a pa t gen okenn respè pou Bondye ni pou pèsonn moun.


Lè Jezi tande sa, li di nonm nan: “Gen yon sèl bagay ki rete pou fè. Vann tout sa ou genyen, distribye lajan an bay pòv, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen.


Se pa paske mwen vle di mwen gentan rive nan yon pwen kote mwen bon nèt. Mwen toujou ap travay pou m ka rive. Se sa Kris la vle m fè.


Mwen kontinye ap kouri pou m ka rive resevwa rekonpans Bondye pwomèt nan Kris la, anwo nan syèl la.


Ou dwe konbat pou w gade lafwa, epi kenbe lavi etènèl. Se pou lavi sa a Bondye te rele w. Ou te fè byen, lè w te pale devan yon bann temwen. Sa fè wè jan w gen lafwa.


Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris, paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.


Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”. Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.


N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo.


跟着我们:

广告


广告