Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Timote 6:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.

参见章节 复制




1 Timote 6:11
40 交叉引用  

An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou.


An konklizyon zanmi m yo, retire kò w nan zafè adorasyon zidòl.


Montre lanmou pou lòt yo dwe pi gwo bi pou lavi nou. Li bon tou pou nou chache don espirityèl yo ak tout kè nou, espesyalman don pwofesi.


Mwen di nou, evite peche seksyèl. Gen moun ki di “Peche se yon bagay ki konsènen kò a sèlman.” Gen lòt moun ki di “Moun ki ale lakay yon pwostitye se kont pwòp kò l li peche.


Men Senyè a fè m anpil gras. Epi, avèk favè li, li ban m lafwa ak lanmou tou ki genyen nan Kris la, nan Jezi.


Ou jèn, se vre, men pa kite pèsòn meprize w pou sa. Ou menm, montre yo ou se yon egzanp pou kwayan yo, nan jan ou pale, nan jan ou ap viv, nan jan ou gen lanmou, nan jan ou gen lafwa ak nan jan lavi w pwòp.


Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa, li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.


Timote, kenbe sa Bondye ba w la fidèlman. Pa antre nan diskou ki pa itil anyen epi ki kontrè ak lafwa, vye kritik moun ki di yo gen “konesans”, poutan se pa vre.


Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.


Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp.


Men ou menm, ou toujou ap swiv jan mwen anseye, konpòtman mwen. Ou konnen pwojè m yo. Ou konnen lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen, fidelite mwen.


Lè moun ap sèvi ak Bib la, y ap prepare epi y ap genyen tout sa yo bezwen pou yo fè zèv ki bon.


Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye.


Kouri pou sa ki mal epi fè sa ki byen. Se pou l fè tout sa li kapab pou l viv an pè ak moun.


跟着我们:

广告


广告