Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Timote 5:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Lidè ki komèt yon move bagay, se pou w reprann li devan tout kongregasyon an. Sa va fè lòt yo gen krentif.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Sila ki kontinye nan peche yo repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche.

参见章节 复制




1 Timote 5:20
15 交叉引用  

Tout moun Efèz te vin konn koze a, Jwif tankou Grèk. Sa te fè yo vin gen lakrent epi yo te fè lwanj pou Senyè Jezi.


Sa k te pase a te fè gwo lapèrèz anvayi tout kwayan yo nan legliz la, ak sou tout lòt moun ki te tande nouvèl la.


Tande Ananyas fin tande pawòl sa yo nan bouch Pyè, li tonbe bip, li mouri. Sa te simen yon gwo lapèrèz nan lespri tout moun ki te tande sa.


Tristès ou te genyen an, se kalite ki fè Bondye plezi a. Annik gade rezilta yo! Nou vin gen bòn dispozisyon. Nou vle defann inosans nou. Nou montre endinyasyon nou! Nou pè fè sa ki mal. Nou anvi wè m. Nou pa kache sousi nou. Nou montre anpil volonte pou nou pini koupab la. Nou bay prèv nou pa t koupab nan pwoblèm ki te poze a.


Pa asosye w ak anyen moun ki nan fènwa yo ap fè, bagay sa yo pa janm pote bon rezilta. Okontrè, denonse yo pou moun wè klè jan yo pa bon.


Pami moun sa yo, nou jwenn Imene ak Aleksann. Mwen livre yo bay Satan. Konsa, yo va aprann pou yo pa ensilte Bondye.


Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.


Sa l di a, se vre. Moun konsa, di yo seryezman yo bezwen chanje. Yon ekzòtasyon byen serye pral ede yo gen yon ki lafwa dwat.


Se kon sa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!


跟着我们:

广告


广告