Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Timote 5:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Pa pale di ak granmoun gason yo. Men pale avè yo menm jan ak papa w. Mesye ki pi jèn yo, pale avèk yo menm jan ou ta pale ak frè w.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jennjan yo tankou si yo te frè ou;

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo,

参见章节 复制




1 Timote 5:1
26 交叉引用  

Men nou pa dwe kite moun rele nou Mèt paske nou gen yon sèl Mèt. Apre sa nou tout egal ego kòm frè ak sè.


Pòl ak Banabas chwazi moun ki pou sèvi kòm lidè nan chak legliz yo. Apre yo fin pase yon tan ap fè jèn epi priye pou lidè sa yo, yo remèt yo nan men Senyè a yo te mete konfyans nan li a.


Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè.


Apot yo ak lidè yo menm te rasanble pou yo etidye kesyon an.


Men, lè Pòl rive nan Milè, li voye chache lidè ki responsab nan legliz Efèz yo pou yo vin kote l.


Bay chak moun sa w dwe l. Nenpòt kalite taks ou dwe peye, peye l; si se obeyisans ou dwe, se pou w obeyi; si se respè, ou dwe aji ak respè; si ou dwe onore yon moun, onore l.


Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun kon sa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.


Lidè yo k ap dirije legliz la byen, yo merite resevwa yon salè ki de fwa plis, sitou sa yo k ap preche ak sa yo k ap anseye.


Medam ki granmoun yo, pale ak yo menm jan ak manman w. Medam ki pi jèn yo, trete yo menm jan ak sè w, ak yon kè ki pwòp.


Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.


Menm jan an tou, di jenn gason yo, yo dwe byen panse sou jan y ap mennen lavi yo.


Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit.


Èske gen nan nou ki malad? Li dwe mande responsab legliz la pou l vin fè onksyon luil pou li nan non Senyè a epi priye pou li.


Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou.


Ansyen an ap salye nou. M ap voye lèt sa a bay dam Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a ki renmen nou.


Se mwen menm, Ansyen an, k ap salye w, Gayis, zanmi byeneme m nan.


Toutotou twòn nan te gen 24 pèsonaj ansyen, chita, abiye toudeblan epi yo te gen kouwòn an ò sou tèt yo.


跟着我们:

广告


广告