Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Timote 4:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Ekzèsis fizik yo bon pou kò a, se vre, men, lè w fè ekzèsis pou w fè Bondye plezi, sa pi bon toujou. Paske li garanti w ni lavi kounye a, ni lavi etènèl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Si nan yon sans sa bon pou nou chache fè espò pou kenbe kò nou anfòm, sa pi bon toujou, epi nan tout sans, pou nou fè jefò nan sèvis Bondye a, paske sa ap garanti nou lavi pou kounyeya ak pou tout tan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

参见章节 复制




1 Timote 4:8
52 交叉引用  

Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo.


Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye.


Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.


li gen pou l resevwa san fwa plis pase sa li te kite yo. Nan mond sa a menm, li va gen plis kay, plis frè, plis sè, plis manman, plis pitit ak plis byen. Men y ap genyen pèsekisyon tou; epi nan lòt mond k ap vini an l ap jwenn lavi ki p ap janm fini an.”


Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf.


Nou konnen Bondye ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa.


Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja.


Poutan se pa yon manje k ap fè nou pi pwòch Bondye. Nan domèn sa a, si nou pa manje l nou pa fè okenn pèt, si nou manje l nou pa fè okenn benefis.


Men, voye jete vye istwa ki pa gen sans epi ki pa dakò avèk verite a ki nan Bondye. Okontrè, antrene tèt ou nan bagay k ap fè lwanj epi k ap fè Bondye plezi.


Gen moun k ap anseye bagay ki pa bon. Yo pa swiv ansèyman Jezikris, Senyè nou an te bay, ni ansèyman sou kijan nou dwe fè Bondye plezi.


Sa lakoz moun ki gen lespri sal epi ki pa konprann verite a, y ap fè yon bann diskisyon san fen. Yo panse lè yon moun pretann sèvi Bondye se yon fason pou yo vin rich.


Se vre, mennen yon lavi ki fè lwanj pou Bondye, se yon fason pou moun vin rich anpil, paske sa vle di ou vin satisfè ak sa w genyen.


Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!


Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.


Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.


Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl.


Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou.


Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a.


跟着我们:

广告


广告