Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Timote 3:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Konsa tou, pou dyak yo, fòk se moun ki respektab, ki gen yon sèl pawòl, ki pa bwè depase mezi, ki p'ap kouri dèyè move lajan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp

参见章节 复制




1 Timote 3:8
17 交叉引用  

“Bouch yo se yon kavo tou louvri. Yo sèvi ak lang yo pou bay manti pou twonpe moun.” “Lang yo se menm jan ak yon pwazon ki soti nan sèpan.”


Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikris, nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip.


Moun ki dyak yo, se moun ki fidèl ak madanm yo epi se pou yo kapab dirije timoun yo byen, ansanm tout fanmi yo.


Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li. Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen.


Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan.


Timote, sispann bwè dlo sèlman, pran ti diven tou. Sa va ede w, pou w pa toujou ap soufri ak vant ou.


Chak lidè nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.


Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen.


Benediksyon ak malediksyon soti nan menm bouch la! Frè m ak sè m yo, sa pa dwe konsa!


Aji tankou gadò sou bann mouton Bondye mete sou kont nou yo. Pa veye sou yo poutèt yo fòse nou, men veye sou yo paske se sa Bondye vle. Pa fè sa nan lide pou nou fè kòb, men fè l ak tout kè nou.


跟着我们:

广告


广告