Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Timote 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Di yo pou yo sispann pèdi tan yo nan rakonte istwa pase ki pa menm gen sans, ak nan fè lis non gran gran paran yo, sa p ap itil yo anyen. Bagay sa yo se nan vye diskisyon y ap lage nou. Yo pa fè travay Bondye a avanse, yon travay ki fèt sèlman pa lafwa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Di yo pou yo wete lide yo sou vye lejann san sans, sou lis non zansèt byen long. Bagay sa yo lakòz yon bann vye diskisyon initil. Yo p'ap sèvi plan travay Bondye a jan nou konnen li an, gremesi lafwa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.

参见章节 复制




1 Timote 1:4
19 交叉引用  

Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.


Nou konnen byen, Bondye ban m fè travay sa a, nan gras li, pou m ede nou.


Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte: Nou te konnen Kris, lè l te vin pran fòm yon moun; Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye, se verite a; zanj yo te wè l. Mesaj konsènan Jezi a te preche pami tout nasyon yo; Moun toupatou sou latè kwè nan li; Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.


Men, voye jete vye istwa ki pa gen sans epi ki pa dakò avèk verite a ki nan Bondye. Okontrè, antrene tèt ou nan bagay k ap fè lwanj epi k ap fè Bondye plezi.


Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè.


Timote, kenbe sa Bondye ba w la fidèlman. Pa antre nan diskou ki pa itil anyen epi ki kontrè ak lafwa, vye kritik moun ki di yo gen “konesans”, poutan se pa vre.


Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman.


Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp.


Men, pa mele nan vye diskisyon ki pa gen sans. Ou konnen, vye diskisyon kon sa toujou fini nan kont.


Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite a epi yo pral louvri zòrèy yo pou koute vye istwa k ap bay manti.


M ap salye w, mwen menm Pòl, yon sèvitè Bondye, yon apot Jezikris voye. Travay mwen se pou m ede moun Bondye chwazi yo pou yo fè Bondye plis konfyans epi pou yo konprann ansèyman ki dwat sou Jezi. Ansèyman sa a pral ede yo viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè Bondye plezi.


Yo va sispann swiv istwa Jwif yo. Yo va sispann swiv prensip lèzòm bay yo tou, yon bann moun ki vire do bay verite a.


Men, kanpe lwen tout moun k ap fè vye diskisyon ki pa gen sans, moun k ap fè lis zansèt pou pwouve sa y ap di. Kanpe lwen tout moun k ap simen latwoublay oubyen k ap fè diskisyon sou zafè ki konsènen Lalwa Moyiz la. Diskisyon sa yo pas itil anyen, yo p ap ede pèsòn.


Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.


Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikris genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou.


跟着我们:

广告


广告