Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nou te voye l pou okenn nan nou pa kite pwoblèm yo pote n ale. Ou konnen deja fòk pwoblèm yo vini.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 pou pèsonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa ta pral rive nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke nou te destine pou sa.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 3:3
29 交叉引用  

Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm.


Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye.


Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”


Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.”


Men sa wa David te ekri konsènan Jezi: Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen, paske li te toujou bò kote m pou asire sekirite m.


Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se kon sa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”.


Lè sa a, Pòl reponn: “Pouki sa n ap kriye kon sa pou fè kè m tris? Mwen menm se pa pou prizon sèlman non m pare; mwen pare pou m ta menm mouri nan Jerizalèm pou non Senyè Jezi.”


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Anplis, nou kontan anpil, menm nan soufrans yo. Paske n konnen soufrans bay pasyans.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Men gen lè Bondye mete mwen menm avèk lòt apot an dènye. Nou tankou prizonye yo kondane amò y ap fè fè parad non sèlman devan lèzòm men devan anj yo tou.


Konsa, m ap mande nou pou nou pa dekouraje poutèt sa k rive m nan. Paske, soufrans mwen yo se yon trè bèl avantaj pou nou.


Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


Bondye pa t chwazi nou pou l ka pini nou. Li chwazi nou pou nou te ka jwenn delivrans pa mwayen Senyè nou Jezikris.


Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.


Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.


Se pou bagay sa yo menm Bondye te rele nou, paske Kris la li menm, li te soufri pou nou. Konsa, li ban nou yon egzanp pou nou swiv:


Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.


Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la.


跟着我们:

广告


广告