Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 3:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bòn nouvèl Kris la. Li te gen pou l te fòtifye nou, pou l te ankouraje nou nan lafwa,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 3:2
24 交叉引用  

Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès.


Sa te fè legliz yo t ap vin pi djanm nan lafwa yo epi kantite kwayan yo t ap ogmante pi plis chak jou.


Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre.


Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou.


Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an.


Se poutèt sa m ap voye Timote lakay nou. Li se yon pitit mwen renmen anpil. Se yon pitit ki fidèl nan jan l ap viv pou Senyè a. Li a fè nou sonje tout prensip lavi m menm jan mwen anseye l nan tout legliz kote m pase.


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi.


Lè m rive Twoas pou m preche Bòn Nouvèl Kris la, Bondye te ban m yon bon opòtinite, se vre,


men m pa t ka rete, paske mwen te gen twòp sousi lè m pa t wè frè mwen, Tit. Mwen te di moun yo orevwa epi m pati pou Masedwàn.


Kanta pou Tit, se kolaboratè mwen. N ap travay ansanm pou ede w. Kanta lòt frè yo, se reprezantan legliz yo epi y ap travay pou fè lwanj pou Kris la.


Poutèt sa, mwen sèten m ap rete avèk nou pou m ede nou grandi ak lajwa nan lafwa nou.


Mwen menm Pòl, apot Jezikris, selon volonte Bondye, ansanm ak Timote, frè nou an Kris, n ap salye nou tout.


Se Epafras, bon zanmi nou, konpanyon nou, ki te ansenye nou Levanjil la. Li fidèl avèk nou nan sèvis li pou Kris.


Epafras, moun lakay nou, voye salye nou. Se yon sèvitè Jezikris ki toujou ap konbat pou nou nan priyè li. Li priye pou n grandi nan lavi n ap mennen pou Kris la epi pou nou ka rive konnen tout sa Bondye vle pou nou, pou n ka toujou kenbe fèm.


Mwen voye l ansanm ak Onezim, yon frè ki fidèl anpil. Li se moun lakay nou. Y ap rakonte nou tout sa k ap pase bò isit la.


Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.


Konsa, kòm m pa t ka tann ankò, mwen te voye Timote pou pran nouvèl sou kijan lafwa ou ap mache. Mwen te gen krentif pou satan, tantatè a, pa t gentan fè nou tonbe, epi pase travay nou te fè nan mitan nou anba pye.


se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.


跟着我们:

广告


广告