Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Rezon an: mesaj n ap preche a pa gen erè ladan l. Nou pa t ap chache pran kèk bagay nan men w, lè n t ap mande pou w kwè nan Levanjil la. Nou pa t ap eseye twonpe pèsonn.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen okenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pèsonn.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan salte, ni nan fason pou twonpe moun.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 2:3
18 交叉引用  

Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl.


Youn nan kwayan sa yo te rele Jozèf. Se te yon Jwif nan branch fanmi Levi ki te soti nan yon zile ki rele Chip. Apot yo te ba l ti non Banabas, ki te vle di “Nonm ki renmen ankouraje moun nan”.


Se fo pwofèt yo ye. Se yon bann pwofesyonèl nan bay manti k ap fè sanblan yo se apot Kris la.


Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.


Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye.


Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi.


Gen moun ki fè lwanj pou nou, gen lòt ki kouvri nou ak wont. Gen moun ki di bon bagay sou nou, gen lòt ki di move bagay. Gen moun ki trete nou de blofè, menmsi nou di verite a.


Tanpri, ouvri kè w ba nou. Nou pa fè okenn moun enjistis, ni nou pa chache kòwonpi okenn moun. Nou pa chache pran avantaj sou okenn moun.


Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt.


Bondye pa t rele nou pou n ka pratike bagay ki sal, men pou nou konsakre lavi nou pou nou viv apa pou li.


Epi pou rezon sa a, Bondye ap voye yon lespri pou egare yo pi rèd, pou yo ka kwè bagay ki pa vre.


Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikris genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou.


跟着我们:

广告


广告