Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Pyè 4:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Se sa ki pral fè, depi kounye a, nan rès tan ki rete pou n viv la, pa swiv move dezi lèzòm sou latè men viv pou n swiv volonte Bondye pito.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Se pou li viv ti rès tan li gen pou l viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.

参见章节 复制




1 Pyè 4:2
35 交叉引用  

Wi, moun ki frè m sè m oswa manman m, se sila yo ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.”


Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab.


Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?” Yo reponn li: “Pi gran an!” Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a.


Se pa tout moun k ap di m Senyè! Senyè k ap antre nan wayòm syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre.


Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”


Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun,


Yo vin pitit Bondye, men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit. Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa, men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.


Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman.


Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.


Pa gen pèsòn ki viv oubyen ki mouri pou tèt li ase.


Se menm jan an pou nou menm tou, se pou n gade tèt nou kòm moun ki mouri kanta pouvwa peche epi k ap viv kounye a kanta pouvwa Bondye nan Jezikris.


Se pa sa ditou! Pou sa k gen pou wè ak peche, nou se moun mouri. Kòman pou n ta fè kontinye ap viv nan peche ankò?


Frè m ak sè m yo, se menm bagay pou nou tou. Nou se moun mouri, pou sa ki konsène Lalwa, pa mwayen kò Kris la, pou n ka tounen yon lòt moun. An reyalite, kounye a, nou se moun Jezikris ki te resisite a, se sa k fè nou ka dekouvri sa ki fè Bondye plezi.


Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.


Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv kon sa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.


Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote.


Se poutèt sa, piga nou viv tankou moun egare. Okontrè, chache konnen sa Senyè a vle n fè.


Pa obeyi mèt yo jis pou fè yo plezi, lè nou devan je yo. Men, se pou n obeyi yo ak yon kè ki sensè, menm lè yo p ap veye nou.


Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou: Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè.


Mwen di sa paske nou menm, nou te mouri, Bondye kache lavi nou nan Kris epi l ap pwoteje lavi nou nan syèl la nan li.


Epafras, moun lakay nou, voye salye nou. Se yon sèvitè Jezikris ki toujou ap konbat pou nou nan priyè li. Li priye pou n grandi nan lavi n ap mennen pou Kris la epi pou nou ka rive konnen tout sa Bondye vle pou nou, pou n ka toujou kenbe fèm.


Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se kon sa Bondye vle pou viv nan Jezikris.


Bondye te deside ban nou lavi pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.


Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan.


Se poutèt sa, sispann fè sa k pa sa, pou w ka evite blese lòt moun. Sispann bay manti, sispann twonpe moun, sispann fè jalouzi ak fè tripotay.


Epitou, mond lan gen pou l pase, ak tout move dezi li yo; men moun ki fè sa Bondye vle, ap rete pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告