Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 9:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Tout moun k ap fè espò bay tèt yo disiplin pou fè bon jan antrènman. Yo antrene di pou yo kapab genyen yon kouwòn ki dire yon ti tan sèlman. Poutan, kouwòn pa nou an ap la pou tout tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplin sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplin sevè pou n ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.

参见章节 复制




1 Korent 9:25
18 交叉引用  

Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè: “Lanmò disparèt paske l pèdi batay la.


dousè, li fè nou konn kontwole tèt nou. Lalwa pa kont okenn nan bagay sa yo.


Ou dwe konbat pou w gade lafwa, epi kenbe lavi etènèl. Se pou lavi sa a Bondye te rele w. Ou te fè byen, lè w te pale devan yon bann temwen. Sa fè wè jan w gen lafwa.


Atlèt k ap kouri yo, yo dwe respekte tout règ yo, pou yo genyen laviktwa.


Men se pou l renmen resevwa moun lakay li, se pou l renmen sa ki byen, moun ki gen bon konprann, moun ki jis, moun konsakre pou Bondye, moun ki kenbe tèt yo byen.


Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.


Men nou menm nou mèt di Bondye mèsi, paske nou resevwa yon wayòm pèsonn pa ka sekwe. An nou adore Bondye avèk anpil respè ak krentif,


Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete.


Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo.


N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo.


Konsa, lè pi gran gadò a va vini, n ap resevwa yon kouwòn, yon kouwòn ekstrawòdinè ki p ap janm wouye.


mete ladrès nan kontwole tèt nou sou konesans nou; mete pasyans sou ladrès nan kontwole tèt nou; mete devouman pou Bondye sou pasyans nou;


Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.


M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou.


24 pèsonaj ansyen yo te tonbe ajenou devan moun ki chita sou twòn nan epi k ap viv pou tout tan gen tan an. Yo adore moun k ap viv pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan twòn nan pandan y ap di konsa:


Toutotou twòn nan te gen 24 pèsonaj ansyen, chita, abiye toudeblan epi yo te gen kouwòn an ò sou tèt yo.


跟着我们:

广告


广告