Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 9:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Menm jan an tou, lè mwen avèk moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv epi fè kòmsi mwen pa t konnen lalwa Moyiz la. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki pa konnen lalwa Moyiz la. An reyalite mwen anba lalwa Bondye, paske mwen soumèt mwen anba lwa Kris la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Konsa tou, lè m nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m pa okipe lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.

参见章节 复制




1 Korent 9:21
22 交叉引用  

Nou konprann se ve Sentespri a, epi se ve pa nou tou, pou nou pa mete okenn lòt fado sou do nou, eksepte sa k vrèman nesesè.


Pandan vwayaj la, Pòl ak ekip li a te anonse desizyon apot yo ak lidè yo te pran nan Jerizalèm nan, nan tout vil yo. Yo mande tout moun yo pou yo respekte desizyon sa yo.


Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo: Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl. Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo. Egzante tout kalite peche seksyèl.”


Moun ki konnen Lalwa Moyiz la ak sa yo ki pa menm tande pale de Lalwa, tout se menm bagay lè yo peche. Moun ki pa konnen Lalwa ap peri san Lalwa, sa yo ki konnen Lalwa ap jije epi y ap peri dapre Lalwa.


Lè moun ki pa Jwif yo, moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri.


M dakò ak Lalwa Bondye a nan lespri m.


(Remèsiman pou Bondye pa mwayen Jezikris, Senyè nou an!) Konsa, nan lespri m, mwen esklav Lalwa Bondye, men nan feblès lachè mwen, mwen esklav lalwa peche a.


Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.


Men sa m ta byen renmen nou di m: Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te fè sa lalwa mande? Non, nou te resevwa Sentespri a lè nou te tande mesaj la epi nou te kwè l.


Se pou youn ede lòt pote chay li. Se kon sa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a.


SENYÈ a ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo. M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo, m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo. Se mwen menm k ap Bondye yo, epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.


跟着我们:

广告


广告