Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 9:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Si lòt moun gendwa sa a sou nou, eske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pat pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n pa antrave mach bòn nouvèl ki pale sou Kris la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Si lòt yo gen dwa sou nou, èske nou menm pa gen plis? Sepandan nou pa t itilize dwa sa a, men nou te sipòte tout bagay pou nou pa anpeche levanjil a Kris la.

参见章节 复制




1 Korent 9:12
23 交叉引用  

Malè pou nou, nou menm direktè Lalwa! Nou kenbe kle pou louvri pòt konesans pawòl la nan men nou. Epoutan nou pa aprann anyen ladan l pou tèt nou epi nou anpeche lòt moun aprann tou.”


Kòm Prisil ak Akilas se tant yo te konn fè, menm jan ak Pòl, Pòl tou rete ansanm avèk yo epi li travay ansanm avèk yo.


Se travay sa a ki kenbe m, ki fè anpil fwa, m pa gentan vin wè nou.


Lanmou aksepte tout bagay ak pasyans. Lanmou pa janm pèdi konfyans, li pa janm pèdi espwa. Lanmou pa janm abandone.


Se deja yon wont pou nou youn ap fè lòt pwosè epi li t ap pi bon pou nou sipòte lenjistis. Pouki nou pa aprann di: zafè! Menmsi lòt moun vòlè afè nou?


Se menm bagay pou moun k ap preche levanjil. Senyè a bay lòd pou moun k ap travay kòm predikatè levanjil pou yo viv de travay sa a.


Men, mwen pa sèvi ak okenn nan dwa sa yo. Se yon bagay ki fyè de tèt mwen! Konsa mwen p ap ekri lèt sa a pou m reklame okenn dwa. Franchman, mwen ta pito mouri olye pou m ta pèdi sous fyète m sa a.


Se pa preche levanjil la non ki fè m fyè de tèt mwen, dayè se devwa mwen m ap fè. Malè avè m, si m ta sispann preche levanjil.


Alò, ki salè mwen? Salè mwen se pou m ofri levanjil la gratis, san m pa itilize dwa travay sa ban mwen.


Menm si tout lòt moun ta di mwen pa apot men kanta nou menm nou pa ka di sa. Dayè, nou se prèv vivan mwen se apot Senyè a.


M ap kontinye kenbe l jan l ye kounye a. Konsa, mwen p ap bay okenn baz pou moun k ap chache okazyon pou yo vante tèt yo. Yo p ap jwenn okazyon pou yo ta di se menm kalite travay ak nou y ap fè.


Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou.


Lè m rive Twoas pou m preche Bòn Nouvèl Kris la, Bondye te ban m yon bon opòtinite, se vre,


Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch.


跟着我们:

广告


广告