Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 8:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Ou gen libète pou w manje. Men atansyon pou libète w la pa lakoz kwayan ki andout yo tonbe nan peche.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite.

参见章节 复制




1 Korent 8:9
27 交叉引用  

Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la.


Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi.


Pa wè enterè pa nou. Chèche enterè lòt yo pito.


Men, si yon moun di w: “Vyann sa a se vyann sakrifis pou zidòl,” pa manje l. Wi, fè l kon sa poutèt moun ki bay enfòmasyon an, men tou, se poutèt relasyon nou genyen youn ak lòt epi ak Bondye.


Mwen p ap pale de relasyon pa w ak Bondye, men m ap pale de relasyon moun ki bay enfòmasyon an ak Bondye. Pouki m relasyon ak yon lòt moun dwe sèvi limit pou libète m?


Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.


Kisa ki pral pase, lè yon moun ki pa gen menm nivo konesans avè w, lè l wè w ap manje nan yon tanp pou zidòl. Sa pral ankouraje l manje tou. Men y ap fè sa pou adore zidòl! Poutan, nan fon konsyans li se yon move bagay.


Lè nou peche kont frè ak sè nou, lè nou blese konsyans yo ki pi fèb, se kont Kris la menm nou peche.


Lè m ak moun ki fèb, mwen viv kòmsi m te fèb. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki fèb.


Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa. Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.)


Chak fwa yon moun fèb, mwen santi m fèb. Chak fwa yon moun kite wout verite a, mwen santi anndan m ap bouyi.


Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch.


Frè m ak sè m yo, Bondye rele nou pou nou ka viv tankou moun ki lib. Sèlman, se pa pou nou kite libète sa a sèvi pretèks pou nou viv nan dezòd. Okontrè, nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se esklav lòt.


Pran prekosyon pou okenn moun pa pran tèt nou ak bèl pawòl, bèl diskou ki pa gen ni pye ni tèt. Bagay sa yo se ansèyman ki chita sou tradisyon moun, ki chita sou fòs sistèm panse k ap dirije mond lan. Ansèyman sa yo pa soti nan Kris.


Viv tankou moun ki lib, men pa kache dèyè libète a pou fè move bagay. Okontrè, viv tankou sèvitè Bondye.


Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav.


Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl.


跟着我们:

广告


广告