Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 8:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Donk, si yon manje m ap manje ap lakòz frè m nan tonbe nan peche, pito m kite manje vyann nèt. Wi! Pito m kite manje vyann pou m pa koz frè m nan tonbe nan peche.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Pase pou yon manje fè frè m tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m pa fè frè m tonbe nan peche.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.

参见章节 复制




1 Korent 8:13
14 交叉引用  

Men pou evite tout tèt chaje, desann bò lak la pou al peche. Gade nan bouch premye pwason ou pran an, w ap jwenn dekwa pou peye ni pou ou ni pou mwen.


Okontrè, nou ta dwe voye yon lèt ba yo pou n senpman di yo kèk bagay yo bezwen evite, tankou: Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Manje sa yo pa pwòp. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe osinon vyann ak tout san.


Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal.


Sa ki byen, se pou n pa ta manje vyann, pa bwè diven, pa sèvi ak anyen ki ka fè frè ak sè nou yo peche.


Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.


Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.


Lanmou pa brital, ni li pa egoyis. Lanmou pa fache fasil. Lanmou pa kenbe yon lis bagay mal moun fè l.


Gen moun ki di: “mwen lib, mwen fè sa m vle.” Men se pa tout sa m vle ki gen valè. Mwen lib pou m fè sa m vle, men mwen p ap kite anyen fè m tounen esklav.


Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la.


Chak fwa yon moun fèb, mwen santi m fèb. Chak fwa yon moun kite wout verite a, mwen santi anndan m ap bouyi.


Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch.


跟着我们:

广告


广告