Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 8:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Kisa ki pral pase, lè yon moun ki pa gen menm nivo konesans avè w, lè l wè w ap manje nan yon tanp pou zidòl. Sa pral ankouraje l manje tou. Men y ap fè sa pou adore zidòl! Poutan, nan fon konsyans li se yon move bagay.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l pou l manje vyann bèt yo ofri bay zidòl.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo?

参见章节 复制




1 Korent 8:10
13 交叉引用  

Okontrè, nou ta dwe voye yon lèt ba yo pou n senpman di yo kèk bagay yo bezwen evite, tankou: Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Manje sa yo pa pwòp. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe osinon vyann ak tout san.


M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.


Men, si yon moun gen dout sou sa l ap manje, li tou kondane, paske li pa aji selon lafwa li. Paske tout sa yon moun fè ki pa soti nan yon konviksyon lafwa bay, se yon peche.


Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif.


Konsa nan sa ki konsène vyann yo sakrifye bay zidòl, nou tout konnen menm bagay, an reyalite yon idòl pa reprezante anyen. Nou tout konnen tou se yon sèl Bondye ki genyen.


Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen pami nou moun ki te abitye adore zidòl. Konsa lè y ap manje vyann lan, yo santi se tankou y ap manje a nan bòl yon dye ki reyèl. Yo pa fin konnen si yo ta dwe manje yon manje konsa. Lè yo manje vyann nan, yo nan konfizyon, yo pa konnen si se nan kominyon ak Kris yo ye oubyen si se ak zidòl la yo ye.


Ou gen libète pou w manje. Men atansyon pou libète w la pa lakoz kwayan ki andout yo tonbe nan peche.


跟着我们:

广告


广告