Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 8:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Kounye a n ap abòde kesyon vyann yo sakrifye bay zidòl. Se vre, jan nou di a, nou se moun ki gen konesans. Men konesans sa a fè ògèy anvayi nou. Alòske, lanmou ede legliz la vin pi djanm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Ann wè kounyeya kèsyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann.

参见章节 复制




1 Korent 8:1
35 交叉引用  

Si se konsa, kounye a pou kisa nou vle mete sou do yo fado ni zansèt nou yo, ni nou menm pa ka pote a? Èske nou gen entansyon fè Bondye fache?


Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe, osinon vyann ki atout san ladan l. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Si nou evite fè mòd bagay sa yo, n ap fè byen. Gras Bondye avèk nou!


Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo: Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl. Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo. Egzante tout kalite peche seksyèl.”


Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye.


Viv nan inite youn ak lòt pandan n ap chache viv nan lapè. Pa tonbe nan foli grandè, men se pou w dakò fè zanmi ak moun ki san enpòtans nan je lòt moun. Pa pran tèt ou pou moun ki saj.


Alò, pou kisa w ap kritike yon frè w oubyen yon sè w? Epi pou kisa w ap meprize yo? Paske nou tout gen pou n parèt devan tribinal Kris la.


M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.


An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou.


Egzamine konviksyon w yo nan kè w sou bagay sa yo devan Bondye. Se yon benediksyon pou moun ki ka fè sa l kwè ki dwat, san l pa santi l koupab.


Moun ki manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki pa manje tout bagay; epi menm jan an tou, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki manje tout bagay la. Paske Bondye aksepte l.


Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy.


Nan Jezikris, Bondye beni nou ak moun ki gen tout kalite bon pawòl ak tout konesans.


Nou se moun entèlijan. Jije sa m di a pou n wè si m pa pale verite a.


Men, si yon moun di w: “Vyann sa a se vyann sakrifis pou zidòl,” pa manje l. Wi, fè l kon sa poutèt moun ki bay enfòmasyon an, men tou, se poutèt relasyon nou genyen youn ak lòt epi ak Bondye.


Frè m ak sè m yo, pa reflechi tankou timoun. Si se mal ki parèt devan nou, se pou nou inosan tankou timoun, men nou dwe reflechi tankou granmoun.


Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!


Nou fou pou Kris, men ou panse w saj nan Kris. Nou fèb, men ou santi w tèlman fò. Yo ba w anpil respè, men nou menm yo meprize nou.


Gen kèk moun ki panse mwen p ap janm tounen Korent. Epi y ap fè lwanj pou tèt yo.


Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen sou sa Bib la di.” Lè kon sa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt.


Epi olye sa fè nou tris pou nou ta chase move grenn nan mitan nou, nou pito ap chante kantamwa.


Pa vante tèt nou! Nou konnen deja: “Yon ti kras leven fè tout pat la leve.”


Moun ki met nan tèt yo se moun save yo ye dwe reyalize yo pa t ko kòmanse konnen jan yo ta dwe konnen.


Konsa nan sa ki konsène vyann yo sakrifye bay zidòl, nou tout konnen menm bagay, an reyalite yon idòl pa reprezante anyen. Nou tout konnen tou se yon sèl Bondye ki genyen.


Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen pami nou moun ki te abitye adore zidòl. Konsa lè y ap manje vyann lan, yo santi se tankou y ap manje a nan bòl yon dye ki reyèl. Yo pa fin konnen si yo ta dwe manje yon manje konsa. Lè yo manje vyann nan, yo nan konfizyon, yo pa konnen si se nan kominyon ak Kris yo ye oubyen si se ak zidòl la yo ye.


Tout kò a depann de tèt la. Tout manm kò a ini, yo kole ansanm. Konsa, lè chak pati nan kò a fè travay li, jan pou l fè l la, sa fè tout kò a grandi, l ap devlope nan lanmou.


Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo. Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè.


Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl.


Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl.


跟着我们:

广告


广告