Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 7:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Men si nou pa ka kontwole kò nou, se pou nou marye. Li pi bon pou nou marye olye anvi seksyèl limen boukan dife nan kò nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Men, si nou pa ka kontwole tèt nou, prefere nou marye marye nou pase n'kite lanvi ap kale nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon.

参见章节 复制




1 Korent 7:9
8 交叉引用  

Pa gen pèsonn ki ka di se pa vre. Enben, se pou n pran tèt nou. Pa gen rezon la pou n ap fè anyen nan tèt cho.


Men poutèt peche seksyèl se yon gwo danje, se pou chak gason pran anpil plezi nan pwòp madanm li, se pou chak madanm pran anpil nan pwòp mari li.


Men se pa yon peche si ou deside marye. Se pa yon peche si yon demwazèl ki pa ko janm marye deside pou l marye. Sèlman, moun ki marye ap gen pou fè fas ak traka lavi chak jou a, epi m pa ta renmen sa pou ou.


Si yon jèn gason santi li fè fiyanse l ditò poutèt li pa ko marye avè l. Li pa ka kontwole pasyon kò li Si santiman yo tèlman fò youn pou lòt pou yo ta rete san yo pa marye. Se pou yo marye! Se pa yon peche.


Yon madanm dwe rete marye ak mari l toutotan li vivan. Men si mari a mouri, madanm nan lib pou l marye ak moun li vle. Sèl kondisyon: fòk moun sa se yon disip Senyè a.


Li vle pou nou chak metrize kò nou nan yon fason ki sen epi ki onorab.


Men, pa mete yon madanm ki pi jèn sou lis vèv yo. Paske lè bezwen fizik yo debranche yo nan angajman ak Kris, yo pral vin vle remarye.


Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.


跟着我们:

广告


广告