Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 7:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Mwen swete tout moun te menm jan avè m. Men mwen rekonèt Bondye bay chak moun don pa yo. Li pèmèt youn viv yon fason. Li bay kèk moun kapasite pou yo viv yon fason, kèk lòt menm li ba yo kapasite pou viv yon lòt fason.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Poudi vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men Bondye bay chak moun gras pa yo. Sa a resevwa yon kalite favè, sa a resevwa yon lòt kalite favè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan.

参见章节 复制




1 Korent 7:7
9 交叉引用  

Pòl di, “Kit sa ta fasil, kit sa pa ta fasil, se menm bagay. Mwen sèlman priye Bondye pou se pa ou menm sèlman, men tout moun k ap koute m jodi a tou, pou nou tout ta vin menm jan avè m, eksepte chenn sa yo ki sou mwen an.”


Men, don nou genyen yo diferan. Yo soti nan gras Bondye. Si yon moun gen don pwofesi, se pou l sèvi avè l selon lafwa li.


Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.


Gen diferan kalite don espirityèl, men gen yon sèl sous: Sentespri.


Kounye a pou moun ki pa marye yo ak sa yo ki vèv, men sa m ap di: Se yon bon bagay pou nou rete selibatè menm jan avè m.


Men, mwen pa sèvi ak okenn nan dwa sa yo. Se yon bagay ki fyè de tèt mwen! Konsa mwen p ap ekri lèt sa a pou m reklame okenn dwa. Franchman, mwen ta pito mouri olye pou m ta pèdi sous fyète m sa a.


Èske n pa gen dwa pou n ta gen yon sè kwayan kòm madanm, tankou lòt apot yo, tankou frè Senyè yo oswa tankou Pyè?


跟着我们:

广告


广告