Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 7:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Èske w te esklav lè Bondye te rele w? Pa ba tèt ou pwoblèm. Men si ou jwenn okazyon pou vin lib, pwofite opòtinite a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa bay tèt ou pwoblèm pou sa. Okontrè tandiske ou ta ka vin lib, chache viv kondisyon esklav ou a pou byen pwofite.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l.

参见章节 复制




1 Korent 7:21
14 交叉引用  

Kidonk, nou pa bezwen ap bay kò nou traka pou chache bagay pou n manje ak bagay pou n bwè.


“Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare.


Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay nou tout.


Se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la.


Esklav Senyè a rele a se yon moun lib li ye. Se Senyè a ki mèt li. Moun lib Senyè a rele a vin tounen esklav li.


Pa gen diferans ankò ant moun ki Juif ak moun ki pa Juif. Pa gen diferans ankò ant moun ki esklav ak moun ki lib. Pa gen diferans ankò ant gason ak fanm. Mwen di sa, paske nou tout nou se yon sèl fanmi an nan Jezikris.


Se pa paske m nan bezwen ki fè m ap di sa. Mwen aprann satisfè m ak sa m genyen epi ak sa ki rive m.


Pa bay tèt nou pwoblèm pou anyen. Men nan chak sikonstans, fè Bondye konnen sa nou bezwen nan lapriyè pandan n ap di l mèsi.


Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit. Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.


Pa atache ak lajan twòp. Kontante nou ak sa n genyen. Bondye di: “Mwen p ap janm kite w, mwen p ap janm abandone w.”


Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l ap pran swen nou.


跟着我们:

广告


广告