Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 6:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Gen moun ki di: “mwen lib, mwen fè sa m vle.” Men se pa tout sa m vle ki gen valè. Mwen lib pou m fè sa m vle, men mwen p ap kite anyen fè m tounen esklav.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gendwa fè tout bagay. Wi, ou gendwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gendwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m tounen esklav li, li te mèt sa l te ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.

参见章节 复制




1 Korent 6:12
12 交叉引用  

Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou repo a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.”


Nou konnen Lalwa se yon bagay espirityèl. Men tout moun ki anba Lalwa ta dwe di: mwen fèb nan vi espirityèl mwen. Peche dirije m tankou esklav li.


Konsa nan sa ki konsène vyann yo sakrifye bay zidòl, nou tout konnen menm bagay, an reyalite yon idòl pa reprezante anyen. Nou tout konnen tou se yon sèl Bondye ki genyen.


Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la.


Wi, mwen trete kò m di pou m ka kenbe l anba bon jan kontwòl. Mwen pa vle ap mache di moun jan pou yo kalifye pou pri a epi mwen menm pou m diskalifye.


Epi, se pa paske nou pa ta gen dwa mande ou pou ou ede nou. Men nou travay pou nou pran swen tèt nou menm pou nou ka yon egzanp pou ou.


Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye.


跟着我们:

广告


广告