Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 6:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Lè youn nan nou gen kont ak lòt kwayan nan Kris, pouki nou trennen yo devan jij ki pa konnen Bondye olye nou regle bagay la nan kad legliz?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo?

参见章节 复制




1 Korent 6:1
11 交叉引用  

Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal.


Bò isit la, nou gen tribinal epi nou gen jij ki pou fè jijman. Si Demetryis ak ekip ouvriye l yo gen yon bagay kont yon moun, se pou yo pote plent nan tribinal.


n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a, Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.


Bondye pa yon Bondye dezòd, se yon Bondye de pè. Sa se prensip pou tout legliz pèp Bondye a lè yo reyini.


Kounye a, konsènan ofrann n ap ramase pou pèp Bondye a, m ap mande nou pou nou fè menm jan m mande legliz Galasi yo fè.


Nou konnen Estefanas ak fanmi li pami premye moun ki te aksepte Kris nan pwovens Akayi. Yo konsakre lavi yo pou yo sèvi pèp Bondye a. Konsa, sa m ap mande nou, frè m ak sè m yo,


M pa la pou m jije moun ki pa kwayan an Kris. Bondye Li menm ak regle sa. Men nou, nou dwe jije moun ki nan menm gwoup ak nou. Dayè Bib la di: “Fè mechan an retire kò l kite gwoup nou an!”


Mwen di sa nan entansyon fè nou wont, m ap poze nou yon kesyon: Èske nou rive tèlman ba ki fè nou pa ka jwenn menm yon moun ki saj ase ki ka tranche pwoblèm nan mitan nou?


跟着我们:

广告


广告