1 Korent 5:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil7 Retire vye leven an nan mitan nou pou n ka tounen yon pat tou nèf. Dayè antan kwayan nan Kris nou se pen san leven, pen fèt Pak la. Kris la te sakrifye tankou ti mouton fèt Pak nou an. 参见章节1998 Haïtienne7 Wete vye zoranj gate a nan mitan nou pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pat ki fèk bat, san vye ledven ladan li. Poudi vre, se sa menm nou ye deja, depi yo te krisifye Kris ki se verirtab fèt Pak nou an. Yo te sakrifye li pou nou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou. 参见章节 |
Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis.