1 Korent 5:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil11 Mwen te sitou vle di nou pa ka gen relasyon ak moun ki di se kwayan nan Kris yo ye epi k ap viv nan peche. Wi, mwen t ap pale de kwayan nan Kris ki gen gwo lanvi, kwayan k ap adore zidòl, k ap pale moun mal, ki bwasonyè, oswa k ap vòlè. Pa chita sou menm tab ak moun konsa. 参见章节1998 Haïtienne11 Mwen te vle di pou n pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l, k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n manje ak yon nonm konsa. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa. 参见章节 |
Men sa k te pase: Anvan kèk moun ki soti kote Jak nan legliz Jerizalèm nan te rive nan Antyòch, Pyè te toujou konn manje ak moun ki pa Juif yo nan legliz Antyòch la. Men, lè Juif ki soti bò kote Jak yo rive, li demake tèt li, li fè kòmsi li pa t konn manje ak moun ki pa Juif yo, li sispann manje ak yo. Li te fè sa poutèt li te pè Juif yo ta nan gwoup ki te di moun ki pa Juif yo dwe sikonsi tou.