Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 5:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 M pa ka kwè sa m tande a! Mwen tande imoralite seksyèl tèlman anvayi legliz la menm payen wouj pako rive nan nivo sa a. Sa rive si lwen m menm tande gen yon jenn gason ki plase ak madanm papa l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Bri kouri toupatou jan gen imoralite k'ap fèt nan mitan nou. Imoralite a tèlman lèd, ou pa jwenn sa menm nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Nouvèl gaye gen yonn nan nou k'ap viv ak pwòp madanm papa li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Anverite gen rapò ke gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.

参见章节 复制




1 Korent 5:1
32 交叉引用  

Okontrè, nou ta dwe voye yon lèt ba yo pou n senpman di yo kèk bagay yo bezwen evite, tankou: Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Manje sa yo pa pwòp. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe osinon vyann ak tout san.


Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Pa manje vyann bèt ki mouri toufe, osinon vyann ki atout san ladan l. Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou. Si nou evite fè mòd bagay sa yo, n ap fè byen. Gras Bondye avèk nou!


Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou.


Mwen te sitou vle di nou pa ka gen relasyon ak moun ki di se kwayan nan Kris yo ye epi k ap viv nan peche. Wi, mwen t ap pale de kwayan nan Kris ki gen gwo lanvi, kwayan k ap adore zidòl, k ap pale moun mal, ki bwasonyè, oswa k ap vòlè. Pa chita sou menm tab ak moun konsa.


Gen moun ki di “Manje se pou kò a epi kò a se pou manje.” Gen lòt moun ki di “Bondye ap detwi yo toulede!” Men mwen menm Pòl, mwen di nou “Kò a pa pou peche seksyèl.” Se pou Senyè li ye, epi Senyè a se pou li.


Mwen di nou, evite peche seksyèl. Gen moun ki di “Peche se yon bagay ki konsènen kò a sèlman.” Gen lòt moun ki di “Moun ki ale lakay yon pwostitye se kont pwòp kò l li peche.


Se konnen nou pa konnen moun k ap fè moun mal pa gen plas yo nan wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou: moun ki pa ka kontwole apeti seksyèl, moun k ap adore zidòl, adiltè, moun k ap fè abi seksyèl sou lòt moun,


Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.


Gen youn pami nou ki te fè yon bagay ki bay tristès. Men lè w byen gade, tristès la pa t pou mwen sèlman; li te pou nou tout. (Mwen pa vle egzajere pou fè bagay la parèt pi grav pase sa l te ye a.)


Konsa, mwen pa t ekri lèt la poutèt moun ki te fè ofans lan. Mwen pa t ekri nonplis poutèt moun ki te sibi ofans lan. Mwen te ekri pou nou menm nou te ka mezire devan Bondye ki valè sousi nou gen pou ou.


Sa moun toujou vle fè an jeneral, se yon bagay ki klè: Se imoralite seksyèl, se bagay ki sal, se libètinaj,


Se moun Bondye nou ye, kon sa pawòl ki konsène imoralite seksyèl, bagay sal, ak move lanvi pa ta dwe jann soti nan bouch nou.


Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl.


Bondye pa t rele nou pou n ka pratike bagay ki sal, men pou nou konsakre lavi nou pou nou viv apa pou li.


Mwen te ba li tan pou l repanti l, men li refize repanti pou kite move zak li yo.


Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”


跟着我们:

广告


广告