1 Korent 4:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil6 Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen sou sa Bib la di.” Lè kon sa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt. 参见章节1998 Haïtienne6 Frè m yo, nan tout bagay sa yo, si m pran egzanp sou mwen ak Apòlòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pèsonn pran pati pou yon moun kont yon lòt. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt. 参见章节 |
Gen kèk moun ki renmen fè aktivite yo pa renmen vre pou yo ka fè moun wè yo gen imilite. Yo di y ap patisipe nan adorasyon anj yo. Y ap di se nan vizyon yo wè bagay sa yo. Pa okipe yo lè y ap di nou gen tò paske nou pa fè kalite bagay konsa. Se paske yo pa gen bon konprann ki fè yo santi yo fyè konsa, paske tout bagay sa yo chita sou tradisyon lachè.
Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa kon sa pou byen ou menm.