Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 4:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Se poutèt sa, pa prese jije pèsonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Senyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.

参见章节 复制




1 Korent 4:5
48 交叉引用  

Nou pa bezwen pè moun sa yo. Pa gen anyen ki kache ki p ap dekouvri yon jou. Pa gen anyen sekrè ki p ap devwale.


Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.


Byenere sèvitè sa lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li!


Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl! Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!


Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl. Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!


Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, kon sa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, kon sa Bondye a padone w tou.


Jezi reponn li: “Si m vle l rete vivan jouktan m vini, ki mele w sa? Ou menm, se swiv pou ou swiv mwen.”


Se pawòl sa yo yo te pran pou yo fè bri kouri pami frè yo pou di disip sa a pa t ap janm mouri. Men Jezi pa t janm di li pa t ap mouri, men: “Si mwen vle l rete jouktan m vini, ki mele w.”


Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè?


Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe.


Se poutèt sa, ou pa gen okenn eskiz, ou menm k ap jije lòt moun yo. Paske, lè w ap jije lòt moun yo, ou pwononse pwòp jijman w, poutèt pandan w ap jije a menm, w ap fè menm bagay ak yo.


Se kon sa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikris.


Yon Jwif toutbon vre, se yon moun ki Jwif anndan l. Yon bon sikonsizyon, se anndan kè yon moun li ye. Se Sentespri a ki fè l, se pa yon Lwa ekri ki fè sa. Epi nenpòt moun Sentespri a sikonsi nan kè l, li resevwa lwanj ki soti nan Bondye.


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Gade sou nou menm korentyen, Bondye ban nou tout kalite don pandan n ap tann Jezikris, Senyè nou an retounen.


Si yon moun vle kontinye pale anpil sou kesyon sa, kite m tou di l: ni nou menm ni legliz Bondye yo pa gen abitid sa a.


Sa vle di: chak fwa nou manje pen sa a epi nou bwè nan koup diven sa a, se istwa lanmò Senyè a n ap fè lòt moun konnen jouktan li retounen.


Men rezirèksyon an ap fèt nan yon lòd byen presi: Kris la an premye. Apre sa, sila yo ki se moun Kris la lè Kris retounen.


Men travay tout moun gen pou parèt aklè nan jou jijman an. Nan jou sa ap gen yon gwo dife. Se dife sa a ki pral montre kalite travay tout moun.


Si kay yon moun te bati sou fondasyon an pase nan dife a san l pa boule, moun sa a ap resevwa yon salè pou travay li.


Moun ki plante a ak moun ki wouze a yo gen menm bi. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa l selon travay li te fè.


Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.


Mwen pa vle parèt tankou moun k ap ekri lèt pou fè nou pè.


Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye.


Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.


Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit.


Pa gen anyen nan lemonn antye ki kache devan Bondye. Li ka wè tout bagay aklè. Tout bagay tou louvri devan l. E nou gen pou nou rann li kont sou jan nou te viv lavi nou.


Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa.


Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.


Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la!


Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se kon sa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.


Konsa, lè pi gran gadò a va vini, n ap resevwa yon kouwòn, yon kouwòn ekstrawòdinè ki p ap janm wouye.


Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn.


Yo pral di: “Jezi te pwomèt l ap retounen, kote l? Zansèt nou yo mouri, epi depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, bagay yo rete jan yo te ye, depi lakreyasyon”.


Enòk, ki se setyèm desandan depi Adan, li te pwofetize sou yo. Li te di konsa: “Koute sa, Senyè a ap vini avèk lame zanj li yo ki sen.


Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!


Epi m wè moun ki te mouri yo, gwo kou piti, yo tout te kanpe devan fotèy la. Te gen plizyè liv ki te louvri. Te gen yon lòt liv ki te louvri tou, se te liv lavi a. Epi mò yo te jije dapre sa ki te ekri nan liv sa yo, dapre sa yo te fè.


跟着我们:

广告


广告