Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 4:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 N ap kraze kò nou nan travay ak men nou pou nou ka jwenn dekwa pou n manje. Lè moun joure nou, nou swete byen pou yo. Lè moun fè nou soufri, nou sipòte.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 N'ap fatige kò nou travay pou n ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou. Lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa.

参见章节 复制




1 Korent 4:12
23 交叉引用  

Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen.


Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou.


Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li.


Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou.


Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou.


Kòm Prisil ak Akilas se tant yo te konn fè, menm jan ak Pòl, Pòl tou rete ansanm avèk yo epi li travay ansanm avèk yo.


Nou konnen trè byen se men sa yo nou wè la a ki te konn travay pou fè pwovizyon ni pou mwen, ni pou kòlèg mwen yo nan ministè a.


Apre sa, Etyèn tonbe ajenou, li rele byen fò, li di: “Senyè, tanpri pa mete peche sa a sou kont yo.” Fini l fin di sa a, Etyèn mouri.


Mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite w yo. Mande Bondye beni yo, pa mande l modi yo.


Men, “si lènmi w yo grangou, ba yo manje. Si yo swaf, ba yo bwè. Lè w fè sa, se yon pil chabon dife tou limen w ap sanble sou tèt yo.”


Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li?


Èske se mwen menm sèl ak Banabas ki dwe fè lòt travay pou nou ka viv?


Mwen te aksepte sipò lajan nan men lòt legliz pou m te ka sèvi w pi byen.


Moun ki gen abitid vòlè dwe sispann vòlè. Okontrè, se pou l travay di ak men l, pou l ka gen resous pou l pataje ak lòt moun ki nan bezwen.


Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.


Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun.


Wi, n ap travay di, epi n ap konbat. Paske nou mete espwa nou nan Bondye vivan an. Se li menm ki Sovè a pou tout moun, sitou pou moun ki kwè yo.


Yo te joure l, men li pa t reponn. Li te soufri, men li pa t fè pèsonn menas. Li te lage koz li nan men Bondye ki jije san patipri.


Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”


Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou.


Konsa, moun k ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo, yo dwe kontinye fè sa ki byen epi lage lavi yo nan men Bondye ki fidèl epi ki kenbe pwomès li fè.


Menm Michèl, chèf zanj yo, li pa fè bagay konsa. Poutan, li te nan yon bon chire pit ak lespri malen an, poutèt kò Moyiz. Nan chire pit sa a, li pa t oze ensilte l. Li di sèlman: “Se pou Senyè pini w!”


跟着我们:

广告


广告