Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 3:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Eske nou pa konnen se tanp Bondye nou ye, se Lespri Bondye ki rete nan nou?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?

参见章节 复制




1 Korent 3:16
24 交叉引用  

Se li menm ki Lespri verite a. Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.


Nou sipoze konnen lè yon moun lage kò l bay yon bagay pou l fè tout sa l vle avè l, li vin esklav bagay sa a. Nenpòt bagay oubyen nenpòt moun w ap swiv, se mèt ou li ye. Ou ka swiv peche, oubyen Bondye. Swiv peche mennen nan lanmò espirityèl, men lè w ap obeyi Bondye, ou vin jis devan li.


Èske nou pa sonje lè nou te batize nan Kris la, se nan lanmò li nou te batize?


Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.


Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la.


Tanp Bondye a sen. Nou se tanp Bondye a. Si yon moun domaje tanp Bondye a, Bondye ap domaje l tou.


Nou se kolaboratè nan travay Bondye. Ou se jaden kote n ap travay la. Ou se bilding n ap bati a.


Pa vante tèt nou! Nou konnen deja: “Yon ti kras leven fè tout pat la leve.”


Petèt se konnen nou pa konnen moun ki kouche ak yon fi movèz vi tounen yon sèl kò avèk li jan sa ekri nan Bib la: “Yo de a vin fè yon sèl kò.”


Èske nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou.


Se konnen nou pa konnen moun k ap fè moun mal pa gen plas yo nan wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou: moun ki pa ka kontwole apeti seksyèl, moun k ap adore zidòl, adiltè, moun k ap fè abi seksyèl sou lòt moun,


Èske nou pa konnen moun k ap travay nan tanp, se tanp la ki ba yo manje? Moun k ap prezante sakrifis sou lotèl gen yon pati nan sa ki ofri sou lotèl la.


Nou konnen lè gen kous gen anpil moun k ap kouri. Men se yon sèl k ap ranpòte pri a, pa vre? Konsa, an nou kouri nan kous la yon fason pou nou ranpòte pri a.


Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.”


poutèt, si m pa ta kapab vini touswit, ou va konnen kijan pou chak moun konpòte l nan fanmi Bondye a, ki vle di Legliz Bondye vivan an. Se Legliz la ki kolòn ak fondasyon ki kenbe epi soutni verite a.


Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.


Men Kris fidèl nan gouvène kay Bondye a kòm pitit Bondye. Si nou rete fèm nan lafwa ak si nou kenbe konfyans nou nan esperans nou genyen an.


Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin lènmi ak Bondye.


Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris.


Pèsonn pa janm wè Bondye, men si nou renmen youn lòt, Bondye ap viv nan nou epi lanmou vin konplèt nèt nan nou.


跟着我们:

广告


广告