Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 2:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l, yo pa ta kloure Senyè ki merite lwanj la sou kwa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 sajès ke okenn nan chèf a tan sila yo pa konprann. Paske si yo te konprann li, yo pa t ap krisifye Senyè laglwa a.

参见章节 复制




1 Korent 2:8
22 交叉引用  

Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen.


Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.


Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li.


Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m.


Nou pa wè youn pami lidè yo, ni pami nou menm Farizyen ki kwè nan Li, pa vre?


Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?” Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.”


Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a.


Etyèn reponn, li di: “Frè m ak papa m yo, koute: Bondye ki gran epi ki genyen tout glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an. Lè sa a, Abraram te rete nan Mezopotami toujou. Li pa t ko al rete Karan.


Kote filozòf yo? Kote ekspè lalwa yo? Kote moun ki renmen bay bèl agiman yo? Èske Bondye pa montre aklè sajès mond sa a se foli?


Nou anseye sajès pami moun ki gen matirite. Men, sajès nou anseye a pa menm kalite ak sajès mond sa a. Non, li pa menm kalite ak sajès otorite mond sa a ki pral pèdi pouvwa yo.


Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la, vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la.


Mwen priye Bondye, Senyè nou an, Jezikris, Papa nou ki gen tout glwa a, pou li ban nou Sentespri a, li menm va fè n konnen tout verite ki genyen sou Bondye epi li va ede nou konprann tou. Konsa nou va konnen Bondye pi byen.


Lespri yo bouche, yo pa gen lavi Bondye bay la nan yo, paske yo inyoran epi kè yo di.


Poutan, anvan sa, mwen te fè l anpil mal, mwen te pèsekite moun pa l yo, mwen te yon nonm ògeye epi vyolan. Men Bondye fè m gras, mwen t ap aji nan inyorans, se te anvan m te kwè nan Jezi.


Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo.


跟着我们:

广告


广告