Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 2:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l kon sa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l pou l te ka sèvi yon lwanj pou nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou;

参见章节 复制




1 Korent 2:7
21 交叉引用  

Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen.


Sa te rive kon sa pou pwofesi sa a te ka akonpli: “M pral pale an parabòl. M pral mete deyò sekrè ki kache depi fondasyon lemonn.”


Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye.


Bondye te deja konnen yo anvan l te kreye lemonn. Epi li te deside pou yo tounen menm jan ak Jezikris, pitit li a pou li ka premye pitit pami anpil frè ak sè.


Bondye planifye pou yo vin menm jan ak pitit li a. Li chwazi deklare yo jis devan l. Epi lè l fin deklare yo jis devan li, li ba yo laglwa li.


Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save.


Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l.


Plan Bondye nan tout bagay sa yo, se pou tout anj ki nan syèl yo rive konnen kijan li montre sajès li nan yon bann fason ki varye. Y ap konnen sa pa mwayen Legliz la.


Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste.


Men kounye a Bondye pale ak nou pa mwayen Pitit la nan dènye jou sa yo. Se pa mwayen Pitit la Bondye te kreye tout bagay. Anplis, Bondye bay Pitit la tout sa li genyen.


Lafwa ede nou konprann se avèk pawòl li Bondye te kreye lemonn antye. Sa vle di bagay nou wè ak je nou jodi a soti nan bagay nou pa ka wè ak je nou.


Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa.


Kounye a m ap pale ak ansyen ki nan mitan nou yo. M se yon ansyen menm jan ak nou epi m se youn nan moun ki te temwen soufrans Kris la. Mwen menm tou, m ap patisipe nan glwa ki gen pou vini an. Men sa m ap mande nou.


Wi, nou pral soufri pou yon ti tan ankò. Men apre sa, Bondye ki tèlman renmen nou pral fè n patisipe nan glwa li ki p ap janm fini an pandan nou fè yon sèl ak Kris la. L ap fòme nou li menm, l ap kenbe nou fèm, l ap ban nou fòs epi l ap bati nou sou yon fondasyon ki solid.


Nan pouvwa Bondye genyen, Jezi ban nou tout sa nou bezwen pou n ka viv epi sèvi l ak fidelite. Li te fè nou konnen moun ki te rele nou an, pou fè n patisipe nan glwa ak nan bonte li.


Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.


跟着我们:

广告


广告