Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 2:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Lè m te vini lakay nou, mwen te fèb, mwen te menm ap tranble tèlman m te pè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Mwen te vin devan nou tou fèb. Mwen t'ap tranble kou fèy bwa sitèlman mwen te pè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman.

参见章节 复制




1 Korent 2:3
22 交叉引用  

Apre Pòl ak Silas fin vwayaje nan vil Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan vil Tesalonik kote Jwif yo te gen yon Sinagòg.


Apre sa, Pòl kite Atèn, l ale nan vil Korent.


Nan epòk lè Galyon te gouvènè nan rejyon Akayi a, kèk pami Jwif yo te met tèt yo ansanm pou konbat Pòl. Sa te fè yo te trennen l devan tribinal.


Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”


Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la:


Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.”


Se vre Kris la te fèb lè yo te klouwe l sou lakwa, men kounye a, li vivan gras a puisans Bondye. Nou menm tou, nou fèb poutèt nou fè youn ak Kris. Men n ap vivan nan li menm, pa mwayen pouvwa Bondye, lè nou va reyini ansanm avè l.


Nou kontan lè nou fèb epi ou menm ou fò. E n ap priye pou ou grandi rive nan matirite.


Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l.


Non, nou p ap bay legen. Se vre kò fizik nou ap desann, men lespri ki ladann ap vin pi nèf chak jou.


Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite.


Tit vin renmen nou pi plis toujou lè l sonje kijan nou te prèt pou obeyi ak kijan nou te resevwa l avèk respè ak imilite.


Lè nou te rive Masedwàn, nou te san repo. Pwoblèm te sènen nou toupatou. Sou deyò nou te fè fas ak gwo batay. Anndan, te gen anpil krentif nan kè nou.


Nou menm esklav yo, obeyi mèt nou genyen sou latè yo ak anpil respè. Fè sa ak tout kè nou, menm jan nou obeyi Kris la.


跟着我们:

广告


广告