Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 2:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Poutan moun ki Sentespri a yo kapab sonde tout bagay san tonbe anba jijman okenn moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye, li kapab balanse tout bagay, men pesonn pa ka fin fin konprann li li menm.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun.

参见章节 复制




1 Korent 2:15
21 交叉引用  

Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman.


Pòl te vle pran Timote pou fè vwayaj la ak li. Men anvan l te fè sa, li te sikonsi Timote, paske tout Jwif nan peyi a te konnen papa Timote se te Grèk.


Si ou panse ou se yon pwofèt oswa ou gen yon don espirityèl, ou ta dwe konprann sa m ekri la a se kòmandman Senyè a.


Frè m ak sè m yo, lè m te lakay nou, mwen pa t ka pale avèk nou tankou moun Lespri Bondye a ap dirije. Mwen te pito pale avèk nou tankou moun ki pa konvèti. Mwen te pale avèk nou tankou ti bebe nan lafwa nou mete nan Kris la.


Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.


Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun kon sa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.


pou n ka fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Epi se lè sa a, n ap san tach epi san repwòch nan jou Senyè a va retounen an.


Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou: Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè.


Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon.


Men, gwo manje se pou moun ki kite laj ti bebe. Yo ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal.


Pou nou menm, nou te resevwa kado Sentespri a te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a.


Zanmi m yo, genyen anpil fo pwofèt nan mond lan kounye a. Poutèt sa, pa fè tout kalite espri konfyans, men egzamine yo pou nou wè si yo soti nan Bondye.


跟着我们:

广告


广告