Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Korent 16:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Nenpòt lè Timote vin lakay nou, fè sa nou kapab pou nou mete l alèz. Menm jan avè m, li se yon moun ki angaje l nan travay Senyè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l santi l lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Senyè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.

参见章节 复制




1 Korent 16:10
11 交叉引用  

Pòl te pati al nan vil Dèb ak nan vil List. Te gen yon kwayan ki te rete nan vil Lis la yo te rele Timote. Manman Timote se te yon Jwif ki te kwè nan Kris tou epi papa l menm te yon Grèk, sa vle di yon moun ki soti nan peyi Lagrès.


Pòl voye Timote ak Eras, de nan moun ki t ap ede l yo, ale Masedwàn, tandiske li menm li te rete pou yon ti tan ankò nan Lazi.


Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


Mwen pa vle tande okenn moun ta refize ede l. Okontrè ba li tout mwayen ki nesesè pou l ka tounen vin jwenn mwen anpè. M ap tann li ansanm ak lòt frè yo.


Se poutèt sa m ap voye Timote lakay nou. Li se yon pitit mwen renmen anpil. Se yon pitit ki fidèl nan jan l ap viv pou Senyè a. Li a fè nou sonje tout prensip lavi m menm jan mwen anseye l nan tout legliz kote m pase.


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Nou menm k ap travay ak Bondye, n ap priye w angras, pa gaspiye don ou te resevwa nan men Bondye.


Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa.


Lè ou fè sa, moun deyò yo va respekte w poutèt fason ou viv. Ou p ap bezwen depann sou lòt moun pou ka viv.


跟着我们:

广告


广告